Mon amour, Mwen renmen ou

lovingcouple.jpg   

Lò langelis ap karese pom a 5è di matin,

mwen santi nan’m mwen ap chavire,

hhmmmmm se paske men’w ap pase sou mwen.

Lò premye rayon soley la parèt nan kwen pòt la,

mwen santi men ou ap chatouye ti pati kache’m

Lò mwen senti yon ti souf bò koum, se paske wap pase bouch ou sou mwen

Lò premye refren wosinyol la byen lwen nan mitan mòn nan,

Se paske wap dim bonjou cheri.

Renmenm pou ou tankou dlo pasifik kap monte lò loraj ap gwonde

Lanmou nan kèm pou ou tankou rekonesans la sirèn lò li wè mèt dlo

Lò zyem tombe na zyew, se tankou lò dlo lanmè envayi vale a

Se tankou yon batay ant zanj nan syèl kap bay Pè Letènèl rezon

Lò ou pale ak mwen, la tè a tramble, mòn nan rele, lanmè ap dechennen.

mwen renmenw  jouk mwen santi map fou, map pedi la pawòl lòw gadem

mwen renmenw  jouk nan zantray mwen, ti kèm trayim tank li bat fò

mwen renmenw, mwen renmenw tou senpleman.

Collections Privées / UltimLux*Sybille A, Figaro (tous droits réservés)



LESCHOZDEMONKORPS |
Contes de Brocéliande et d'... |
Graine D'Auteur |
Unblog.fr | Annuaire | Signaler un abus | Suzanne PATRICK
| féeri
| Lectures croisées